Lèt manman oswa fòmil
Konbyen:
- Bay tete sou demann
- Lèt matènèl ponpe: 3-5 ons sou demann
- Fòmil: 7-8 ons chak 3-4 èdtan
Ou ka ofri lèt matènèl oswa fòmil nan yon tas.
Konsèy: Si tibebe w la sanble li pa twò enterese nan tete apre li fin kòmanse manje solid, eseye ba li tete anvan ou ofri manje solid yo.
Sa tibebe w la ka manje nan diferan gwoup manje
Bebe ou a ka jere plis teksti kounye a. Eseye fè eksperyans ak manje ki nan lis sa a. Kite bebe ou a eseye manje poukont li tou.
Sereyal ak pen
Montan: 4 a 8 kiyè soup pa jou
Kisa pou ofri:
- Diferan kalite sereyal pou tibebe ki gen fè
- Riz oswa pasta senp
- Kraze pou tibebe, pen, ti moso tortiya mou
- Farin mayi
Legim
Montan: 8 a 12 kiyè soup pa jou
Kisa pou ofri:
- Legim kwit senp kraze ak yon fouchèt
Evite: Legim kri, legim ki gen grenn
Fwi
Montan: 8 a 12 kiyè soup pa jou
Kisa pou ofri:
- Fwi mou kale an ti moso (banann, poire, pèch)
- Fwi an bwat san sik
Evite: Dousè ak sik
Pwoteyin ak pwodui letye
Montan: 4 a 8 kiyè soup pa jou
Kisa pou ofri:
- Vyann, poul, ze, pwason ki byen moulen oswa ki koupe an ti moso
- Pwa kraze kuit
- Fwomaj cottage oswa fwomaj ki pa fò
Evite: Vyann ki di, manje tibebe konbine vyann ak legim, sòs, manje fri