
Asid folik se yon vitamin B ki ede anpeche defo nesans nan sèvo ak kolòn vètebral tibebe ou. Li ka ede tou pwoteje ou kont atak kè, konjesyon serebral ak kansè.
Vize omwen 400 mcg asid folik chak jou. Sa enpòtan menm anvan ou vin ansent.
Pran asid folik chak jou senp epi san danje. Nitriman sa a se yon lòt fason pou pwoteje sante ou ak sante tibebe ou.
Mwen la pou ede. Si ou bezwen nenpòt konsèy itil oswa resous, ban m yon ti frap. Men anvan sa, mwen ta renmen konnen ou pi byen.